Dekouvri KB yon jèn atis ki sòti Dèlma 33

KB se yon jèn rapè, konpozitè, ayisyen ki kòmanse rap depi lè li t’ap fè 5èm ane, li gen 21 lane, li abite Dèlma 33. Nan lane 2016 li antre nan Estidyo pou l’ te sòti premye mizik li titre ” Fanm – Pouvwa – Lajan “.

KB gen 2 Mizik solo e lòt 3 ak yon Dyo ki rele Pèlas ki gen li menm ak R-Dams, R-Dams se yon gid pou KB jan li esplike nou li poko travay ak lòt atis se avèk li sèlman li ka travay li fè konnen l’ap vrèman difisil pou l’ travay san R-Dams.

Atis la tèmine etid klasik li mwa jiyè 2016 ki sot pase a aktyèlman li nan kou anglè aprè pou l’ antre nan fakilte, li gen pwojè sòti yon albòm men mank opòtinite fè l’ paka di kilè l’ap kòmanse travay e kilè l’ap fini. Pèlas ki se Dyo a ki pa janm sispann travay toujou ap bat nay nan estidyo pou mete 2 nouvo lòt track ankò pou mete deyò, pami 2 Track sa yo gen youn ki prèske fini nan yon ti tan tou kout n’ap jwenn li.

Nou ret kwè se pral yon bèl mizik nou mèt rete tann li paske piti sa yo bon anpil, sa poko gen semèn depi yo te mete yon mizik sou sit Ti Kwen Pam lan ke nou t’ap tande ak anpil atansyon se te yon bèl Mizik. klike sou ekriti ble a pou tande Mizik la Rap Mwen Pasyone.mp3

Check Also

Dekouvri Bright-Sun, yon jèn Atis ki sòti Taba 52

Toussaint Max-Ocnald se yon jèn atis ayisyen Rapè, Jounalis, ekriven. Li fèt 28 Septanm nan …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *