Ozetazini To Chomaj la ap diminye

Imaj sa a w’ap gade a se yon restoran nan Miami ki mete yon ansèy devan pòt li pou l’ di l’ap chache nouvo anplwaye

Ekonomi Etazini an kreye 235 mil djòb nan mwa Fevriye 2017 pase a, pandan to chomaj la pèdi yon dizyèm nan 1 pousan pou l’ desann nan 4,7 pousan.

Rapò vandredi 10 mas 2017 la ki sòti nan Depatman Travay la fè konnen ekonomi peyi a vin pi solid pase sa pifò espesyalis nan domèn nan te prevwa. Daprè kèk ekspè, ekonomi an bezwen anviwon 100 mil djòb pa mwa epi anplwaye nouvo moun k’ap antre nan fòs travay la pou l’ kabap rive kanpe djanm.

Nouvo djòb ki kreye yo, vini nan konstriksyon, edikasyon, manifakti, swen sante ak travay nan min. Sekretè laprès Mezon Blanch la, Sean Spicer, ekri sou kont Twitter li ke sa se “Bon jan nouvèl pou travayè ameriken yo.”

 

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *