Yon gwoup palmantè Ozetazini mande Administrasyon Trump lan Soutni Biwo pou Ayiti ki nan Depatman Deta a

Nan moman Lamezon Blanch ap anvizaje posiblite pou fè rediksyon nan bidjè Depatman Deta a, yon gwoup palmantè demokrat ak repibliken lanse apèl pou yo mande administrasyon Trump lan pou l’ pa elimine biwo endepandan pou Ayiti ki nan Depatman Deta a e ki la pou pote asistans bay peyi karayib la.

Palmantè yo lanse apèl la, nan yon Lèt ki pote siyati 12 lejislatè ameriken e yo atire atansyon le fèt ke Ayiti sibi kèk gwo dezas natirèl mete ak trajedi lòm koze. Lèt la raple ke tranblemandtè ki te souke peyi a nan lane 2010 ki te touye plizyè santèn milye moun epi lakòz plis pase yon milyon lòt deplase andedan peyi a ak Siklòn Matye ki touye plis pase 1000 moun

Palmantè ameriken yo fini pou di Biwo Kowòdinasyon Depatman Deta pou Ayiti a te sipèvize yon afè de 4 milya 600 milyon dola èd imanitè, sa ki te pèmèt Ayiti konnen yon pwogrè ekonomik ki dwe kontinye.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter