Direktè Biwo Min peyi Dayiti, Enjenyè Claude Prépetit, mande gouvènman ayisyen an adopte e egzekite prese prese yon plan enprevi pou rejyon Gran Nò a k’ap fè fas ak yon menas tranblemanntè mòtèl daprè dènye etid fim jeni ak konstriksyon entènasyonal Miyamoto.
Mesye Prépetit fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik li fè konnen ke Etid sa a prevwa ke 4 vil ki fòme rejyon Nò peyi a, Kap Ayisyen, Pòdpè, Fò-Libète, ak Wanament kapab anrejistre 75,000 mò pou pi piti ak 200,000 blese si yon tranblemanntè ta frape l’.