Ou Pèdi Telefòn Android ou, Google ap Ede w Jwenn Li

Si ou gen yon telefòn Android ki anfouraye oubyen yo vòlè, Google ba w posiblite jwenn li oubyen bloke li sou entènèt ak motè rechèch li a. Tout sa w bezwen se yon kont Google Gmail ki asosye ak telefòn ou an. Li enpòtan pou telefòn nan konekte ak entènèt pou sa mache.

Monte sou Google, epi nan ba rechèch la tape FIND MY PHONE. Google ka mande w konekte sou sit la si w pa t gentan fè sa. Yon nouvo fenèt ap parèt ki ap gen modèl telefòn ou an anlè a dwat. Si w gen plizyè telefòn oubyen tablèt ki asosye ak kont Gmail ou an, yo ap disponib pou wè tou nan yon meni dewoulan ki ap gen non chak telefòn ak modèl li. Ou ta dwe gen yon ekran ki parèt tankou ekran pa m nan.

Find My Phone

La ou ka remake kote telefòn nan ye a ap parèt sou yon kat jeyografik, kote Google ap eseye lokalize telefòn nan nan yon espas 20 mèt. Nan Fènèt sa a ou gen posiblite sonnen telefòn nan tou. Men nan ka ou ta pa vle fè telefòn nan sonnen, ou ka klike sou kat la pou w ale sou paj jesyonè aparèy Android la (Android Device Manager) ki ba w plis opsyon pou lokalize, efase tout bagay epi bloke telefòn nan.

Android Device Manager

Android Device ManagerPou fè telefòn nan sonnen jis klike sou Ring (Sonnen an kreyòl). Pou bloke epi efase tout done sou telefòn nan klike Set up Lock & Erase (Bloke epi Efase).

Sa fè nou kontan jan Google ap panse pou ede moun ki gen telefòn Android, ki se yon sistèm d’Eksplwatasyon li kreye, jwenn oubyen bloke telefòn yo nan ka yo ta pèdi oubyen yo ta vòlè li.

Di nou sa w panse nan kòmantè yo. 😉

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *