BBM Ofri PIN Pèsonalize (Custom PIN) Kounye A

Si w konn itilize BBM, ou konnen PIN (Personal Identification Number) se yon nimewo pèsonèl BBM ba ou lè w aktive kont pou idantifye w sou rezo a. Moun ka itilize li pou ajoute w nan lis zanmi yo. Nan dènye vèsyon BBM nan, ni pou Android, iOS, BlackBerry ak lòt mak telefòn, BBM ofri opsyon pou w ka gen yon PIN pèsonalize. Sa vle di ou pa oblije gen yon PIN menm jan tout lòt moun genyen li. Ou ka gen yon PIN ki gen non w ladan l. Egzanp Si m rele Jean, m ka gen yon PIN konsa: pinjean. W’ap  remake mwen itilize lèt sèlman nan PIN sa a men ou ka itilize chif tou. Fòk PIN nan gen 6 a 8 karaktè ladan l e li pa dwe gen karaktè espesyal tankou ? : ‘ elatriye.

custom-pin-screenshot[1]

Pou w gen yon PIN pèsonalize, fòk ou enskri nan yon plan. Plan PIN pèsonalize BBM ofri a koute 1.63 dola US pa mwa. Nou pral montre w kijan pou w enskri, men li enpòtan pou remake m’ap bay eksplikasyon pou moun ki genyen BBM enstale an n anglè, men se menm etap yo pou lòt lang yo:

  1. Ouvri BBM ou
  2. Tape bouton Meni an
  3. Ale sou Shop
  4. Nan fenèt ki parèt la, nan pati Subscriptions nan, klike Custom PIN
  5. Tape bouton vèt Subscribe la
  6. Klike plan pa mwa a: Monthly: $1.63
  7. Swiv lòt enstriksyon yo pou ka achte sèvis la

Si w deside achte nouvo opsyon sa a, fè nou konnen. Ajoute nou sou BBM ou. PIN:514A5DC4

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *