NEW YORK —Mesye Churkin te Anbasadè Larisi nan Nasyonzini depi 2006, mouri nan laj 64 lane “mò sibit” nan New York lendi 20 fevriye 2017 la, yon jou anvan li fete 65èm anivèsè li.
Ministè a ki kalifye mesye Churkin se “yon gwo diplomat Ris” Voye kondoleyans pi pwofon bay fanmi ak zanmi Mesye Churkin.
Veteran diplomat la te tanmen karyè li nan ane 1970 yo lè l’ te travay nan Jenèv an Swis an 1974 kòm tradiktè pandan negosyasyon Etazini ak Inyon Sovyetik yo pou 2èm Trete sou limitasyon Zam estratejik yo Ameriken rele START 2. tou 2 pati yo te siyen trete a an 1979.