WASHINGTON, DC — Sekretè Deta Etazini an, Rex Tillerson, fè konnen Washington ka kolabore ak Moskou nan sèten sikonstans.
“Pandan n’ap chache ki jan nou ka antann nou, nou atann ke Larisi onore angajman li nan kad akò Minsk yo e travay pou redui vyolans la nan ikrèn,” se konsa Mesye Tillerson pale nan vil Bonn an n Almay, kote minis afè etranjè G-20 yo reyini.
Mesye Tillerson te pale konsa aprè li te fin rankontre ak Minis Afè Etranjè Larisi a Sergei Lavrov. Anvan rankont sa a, Mesye Lavrov te deklare Larisi pa mele nan zafè entèn lòt peyi.