Chantez vedèt Beyoncé kreye yon sipriz jounen mèkredi ki sot pase a pou anonse ke li ansent, anplis fanmiy li fòme ak rapè Jay Z a, pral gen 2 nouvo manb.
Li chwazi Instagram pou transmèt gwo nouvèl la konsa: «Nous souhaitons partager notre amour et notre bonheur. Nous sommes bénis deux fois. Nous sommes incroyablement reconnaissants du fait que notre famille va s’agrandir de deux (enfants), et vous remercions pour vos bons voeux»
Se ak mesaj sa a li te akonpanye yon foto kote li ajenou ak sou-vètman, men li sou vant li byen rebondi ak yon vwal til vè kle sou tèt li, li enstale nan dekò vejetal avèk ankadran flè