Aprè 10 jou kote Barack Obama te remèt pouvwa a bay Prezidan Donald Trump, jounen Lendi 30 Janvye a li sòti nan silans li pa vwa yon pòt-pawòl, pou ankouraje ameriken yo manifeste pou defann Demokrasi san li pa mansyone Donald Trump, ki siksede l’ 20 Janvye ki sot pase a.
Pòt-pawòl ansyen Prezidan an , Kevin Lewis deklare nan yon kominike pou l’ di ke ansyen Prezidan Ameriken an felisite ” Nivo Mobilizasyon ” nan peyi l’ la. Alòske plizyè Manifestasyon konteste politik Prezidan Repibliken an, ki note dekrè li pou fèmen tout fwontyè yo e fè sòti 7 Peyi Mizilman pandan kèlke mwa