Siri fè konnen li desann yon avyon militè izrayelyen e frape yon lòt.
Sepandan Izrayèl deklare avyon li yo te retounen san danje aprè li te fin lanse frap ayeryen sou plizyè pozisyon nan Siri, nan jounen vandredi 17 mas 2017 la.
Izrayèl pa di kisa l’ te vize, men Siri fè konnen djèt izrayelyen yo te atake yon pozisyon militè tou pre vil Palmir nan sa Damas dekri kòm yon zak agresyon ki ede gwoup Eta Islamik la.