Anbasadè Larisi a nan Peyi Tirki Mouri nan yon Atak

Nouvèl yo rapòte, Anbasadè ris la nan Ankara Andrei Karlov pèdi lavi l’ nan yon atak nèg ak zam fè sou li nan kapital peyi Tirki a jounen lendi 19 desanm 2016 la. Yo te kouri lopital ak viktim nan, men li pa t’ rive sove.

Pòtpawòl ministè afè etranjè ris la Maria Zakharova Konfime nouvèl lanmò anbasadè Karlov. Daprè pòtpawòl la, anbasadè a mouri anba blesi li te resevwa nan atak la.

Pandan yon rankont an piblik ki t’ap fèt nan Ankara, yon endividi moun pa rive idantifye te louvri kout zam e anbasadè a te resevwa yon bal.

Atak la te fèt pandan anbasadè Karlov t’ap patisipe nan yon ekspozisyon foto ke anbasad Larisi nan Tirki finanse e ki rele, “ Kouman Larisi wè Tirki.”

Genyen chèn televizyon nan Tirki ki fè konnen lapolis tire e touye asayan an

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *