Geoffrey Oryema te kouri kite peyi l’ aprè yo te fin asasine papa l’, lè sa a atis la te gen 23 lane. Chantè a te trè koni an frans aprè l’ te fin sòti yon albòm ki te titre ” Ye Ye Ye ” Vandredi 16 Desanm lan li ateri sou sòl peyi Ouganda, aprè kèk èdtan li te bay premye konferans de près li.
Istwa deplasman atis la, se te nan yon kòf machin, rezon ki te fè atis la pati pou ekzil se paske l’ te ekri yon mizik sou fòm yon lèt li te adrese ak Kòmandan Joseph Kony, se yon mizik ki te koute lavi l’ daprè sa li di paske l’ te resevwa menas lanmò. Nan lèt sa a, li pa t’ akize Joseph Kony, men li te vle konnen poukisa timoun 4, 5, 6, 7, 8 lane gen kalachnikòf. Tout timoun sa yo kounye a se granmoun.
an n’ li ansanm tout sa Geoffrey Oryema t’ap di nan Konferans pou laprès la pandan l’ t’ap bay rezon ki fè l’ tounen nan peyi l’: « Il faut avancer. Il était temps J’avoue qu’hier, quand on a atterri à Entebbé, il s’est passé quelque chose en moi. L’opposé de ce qu’il s’était passé, il y a 40 ans. Cette fois-ci, j’ai senti une force tranquille qui m’a parlé. » C’est la reconnaissance que les autorités actuelles me mettre sans aucun doute me faire retour .
Source: RFI