Tag Archives: TPS

Palmantè Sid Florid yo pwopoze yon lwa pou transfòme TPS an Rezidans Pèmanan

Selon Jounal Miami Herald pibliye madi 31 oktòb 2017 la, plizyè palmantè Demokrat ak Repibliken ki reprezante sid eta Florid mete tèt yo ansanm pou ekri yon pwojè lwa pou mande nonsèlman pou Etazini pwolonje TPS la, (Estati Pwoteksyon Tanporè a), pou plizyè milye imigran etraje, men tou pou transfòme l an Estati pèmanan rezidans.

Read More »

Sèvis Imigrasyon Etazini ap mennen ankèt pou konnen si Ayisyen ki gen estati Pwoteksyon Tanporè ( TPS) yo pa Enplike nan Krim

Administrasyon Trump lan ap pran yon etap li pa t’ janm pran avan nan sa ki konsène imigran ayisyen ki gen estati Pwoteksyon Tanporè yo (TPS). Otorite imigrasyon yo ap chèche prèv pou konnen si nan moun ki gen TPS yo pa gen ladan yo ki enplike nan krim pandan y’ap viv sou teritwa ameriken an.

Read More »

Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn Ameriken Rekòmanse Vòl Avyon pou Depòte Ayisyen Ilegal

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo Sekretè Sekirite Teritoryal peyi Etazini, Jeh Charles Johnson. Fè kwè ke avyon sèvis imigrasyon ki konn sèvi pou depòte Ayisyen ki gen dosye nan lajistis ak sila yo ki san dokiman legal yo vòl yo deja rekòmanse. Nòt la di:“Aprè tranblemantè trajik ki te frape peyi Dayiti nan mwa Janvye 2010 la, biwo …

Read More »