Dekoukri Kikàn, yon jèn atis ki sòti Kafou

Kikàn se yon jèn atis Ayisyen k’ap evolye nan Rap Kreyòl, li fèt an n ayiti nan Potòprens li kòmanse ap rap depi nan laj 17 tan sou katye ak ti zanmi li te toujou ap fè echanj flo, se konsa l’ te kòmanse.

2 lane aprè li deside fè moun tande vwa l’ nan Radyo, sou entènèt e menm sou CD li te antre nan Estidyo pou Anrejistre yon mizik ki titre ” Rap nan 2 Pla men m‘ ”
aprè (Rap nan 2 Pla men m’ de Kikàn) li reyalize 8 Pwojè e jiskaprezan l’ap travay pou l’ mete premye Mixtape li deyò.

Nan Mache chèche Ti Kwen Pam News tonbe sou jèn talan sa a epi nou Prezante w’ li, an n li ansanm konvèsasyon TKPNews ak Kikàn

@TKPNews: Atis Sa k’ap fèt?

Kikàn: anfòm, anfòm TKP mw salye kouraj nou pou bèl travay sa ke n’ap fè nan mouvman rap kreyòl la ki se ede Jèn atis yo

@TKPNews: oke atis TKP remèsye w’ tou pou efò w’ tou, yeah!! Kikàn ki vrè non ou? pale nou byen kiyès ki Kikàn

Kikàn: mwen se Holkens Joseph non atis mwen se Kikàn, m’ se yon Rapè, chantè,konpozitè, mw entèprete mizik byen epi mw fè tèks slam byen tou…Yeah! Yeah kafou Reprezant, mw se nèg Kafou. pou zafè mizik m’ap travay lontan depi nan laj 17 lane men se lè m’ gen 19 lane mw te premye antre nan estidyo mw sòti deja 9 mizik mw gen 4 sou sit peyi a Ti Kwen Pam tit premye mizik la se ” Rap la nan 2 Pla men m‘ ” aktyèlman m’ap travay Yon Mixtape avan Mixtape la m’ap sòti 3 grenn Mizik

@TKPNews: èske w’ jwenn esponnsò ki fè w’ap travay san pran souf konsa ?

Kikàn: Mwen pat jwenn sipò moun ki la pou sa, mwen atenn ak Objektif mwen gras ak Esponnsò paran mwen

@TKPNews: Ou poko Gen Manager?

Kikàn: Wi mwen gen Manager koulya se sa k’ fè m’ anonse premye Mixtape mw ki rele ” Rap nan 2 Pla Men m‘ ”  k’ap gen plizyè gwo atis sou li

@TKPNews: Kisa ki enterese Manager a nan travay ou ki fè l’ chwazi pran tèt Biznis ou?

Kikàn: bon mwen ka di se Talan mwen, paske pa gen moun ki tap aksepte, envesti nan sak pa bon

@TKPNews: Konbyen gran atis n’ap jwenn sou Mixtape la? di nou konbyen feat k’ap gen sou li

Kikàn: M’ gen pou m’ pale sou sa avan Mixtape la sòti, pou koulya m’ poko ka di w’ ni kilè Mixtape la ap deyò e konbyen Mizik kap sou li

@TKPNews: oke Kikàn ekip TKPNews lan remèsye w’ paske w ‘ te akòde nou entevyou sila, ankò mèsi yon lòt fwa

Pou tout moun ki ta renmen Tande Mizik KiKan nou ka klike sou ⇒Audio MP3

Ekri Pa : @JameslyPierre7

Check Also

Dekouvri T-Sony yon jèn atis ki sòti Gonayiv

T-Sony ki gen vrè non li Pierre Sony, se yon jèn atis ayisyen k’ap evolye …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *