James Cameron gentan ekri yon 5èm fim Avatar pa aksidan

James Cameron pa t janm timid pou fè konprann anbisyon li pou kreye yon inivè sinematografik. Apre siksè fenomenal premye fim nan, li te deside fè 2 lòt. Aprè li vin deside fè 3 lòt, avèk yon gwoup ekriven ki ap asiste li pou reyalize fim sa yo. 2zyèm fim Avatar ki gen pou sòti a se pou 2017, men malgre tout travay li ap fè, ta sanble li jwenn tan pou ekri yon (5è) senkyèm fim Avatar.

Nan yon entèvyou avek HeyUGuys, konpozitè James Horner — ki te travay avèk James Cameron sou fim Titanic — eksplike sineyas la te deja ekri yon 5èm fim l’ap eseye entegre li nan 3 li gen deja yo. Yon fason pou ka gen 4 fim Avatar nan seri a  sèlman.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *