Microsoft Edge, Se Nouvo Navigatè Ranplasan Internet Explorer A!

Microsoft te premye revele plan pou nouvo navigatè li a an janvye. Li te konnen sou non Project Spartan, men Microsoft revele jodi a konpayi a ap itilize non Microsoft Edge pou nouvo navigatè li a nan Windows 10.

DSC_1577.0

Menm si Microsoft Edge se siksesè Internet Explorer, Microsoft ap kontinye kenbe ansyen navigatè a pou kliyantèl antrepriz li yo. Microsoft Edge fèt pou li bazik e minimalis, e pami kèk nan opsyon li yo gen Anotasyon lank nimerik, entegrasyon Cortana, avèk yon lis lekti ki tou vini ladan l. Navigatè sa a ap trè rapid daprè sa yon pòtpawòl Microsoft ta fè konnen. Epi se ap navigatè pa defo Windows 10.

Check Also

Faco Leaves, Yon jwèt videyo Ayisyen Fè

Se yon plezi pou nou nan Ti Kwen Pam News pou prezante w yon nouvo jwèt …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *