Yon Manman Ponyade Ti Bebe li 90 Fwa Paske Li Mòde Tete Li

Sa se yon dram terib ki rive nan vil Xuzhou, pwovens Jiangsu, peyi Lachin.

Yon bebe 8 mwa ki ponyade pa manman li 90 fwa ak kout sizo paske li mòde tete li pandan li t’ap alète li. Se tonton timoun nan ki jwenn li ap benyen nan san li nan lakou kote yo rete a.

Yon fwa yo mennen timoun nan, ki rele Xiao Bao, lopital, doktè oblije koud li 100 kote. Otorite konsène yo pa retire gad timoun nan nan men manman an jan vwazen yo te mande pou sa fèt. Otorite yo fè konnen tonton timoun nan yo te ka veye sou sante timoun nan.

Xiao Bao Xiao Bao

Nan peyi Lachin, maladi mantal konsidere kòm tabou.

Check Also

François Hollande manke kase dan li, Chans Pou Li Michel Martelly Te La

Jodi a 12 me a nou te gen yon sipriz nan peyi a kote prezidan …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *