Divizyon telefòn Sony an, Sony Mobile, te vle gen yon patenarya ak Daniel Craig (aktè ki jwe nan dènye fim James Bond yo). Men aktè a refize òf yo a, daprè kèk nan imel ki te parèt sou entènèt la aprè pirataj Sony Pictures ane pase a.
Konpayi a ofri Daniel Craig 5 milyon dola US pou li itilize yon telefòn Sony nan pwochen fim James Bond ki pral sòti a ki ap rele Spectre. Li refize lajan an, paske ta sanble telefòn Sony yo pa ase “Cool” pou James Bond.
Yon imel George Leon, vis prezidan konsomatè maketing Sony an, endike Daniel Craig ak direktè Sam Mendes te rankontre avèk Barbara Broccoli, pitit fi Albert Broccoli ki te pwodwi fim orijinal James Bond yo, pou diskite posiblite plasman pwodwi nan fim Spectre la.
Kontra sa a t’ap genyen 18 milyon dola ladan l pou maketing, plis 5 milyon dola pou Daniel Craig.
Men antant yo pa sanble fini byen. Yon lòt imel Andrew Gumpert, prezidan Worldwide Business Affairs and Operations for Columbia Pictures revele yon òf menm jan nan men Samsung e li fè konnen tou sa se yon desepsyon nan men Daniel Craig ak Sam Mendes.
“Aprè koze lajan, gen yon kote kreyatif tou ki fè Daniel Craig ak Sam Mendes pa renmen telefòn Sony pou fim nan. Yo vle fè konprann James Bond sèlman itilize meyè gadjèt yo, e telefòn Sony yo pa meyè yo”.
Nou byen regrèt sa pou Sony, men telefòn li yo pa ase “Cool”. 😉