Google Mande Eskiz Pou Wobo Android La Ki T'ap Pipi Sou Logo Apple la nan Google Maps

Nan yon deklasyon bay jounal The Washington Post, Google mande eskiz for imaj wobo Android la ki t’ap pipi sou logo Apple la sit web Cult of Android te jwenn pi bonè jodi a. “Nou regrèt pou kontni inapwopriye sila a yon itilizatè kreye; N’ap travay pou retire li byen rapid.” Se sa pòtpawòl Google la Mara Harris te di jounal The Washington Post nan yon deklarasyon. “Nou aprann pwoblèm sa yo, e n’ap travay san kanpe pou amelyore fason nou detekte, anpeche, e jere move kreyasyon sa yo,” Harris di.

Ti Kwen Pam News

Imaj sa a ki pa sou kat la ankò te lokalize nan peyi Pakista tou prè vil Rawalpindi, e te ajoute nan Google Maps avèk opsyon Map Maker a, ki pèmèt itilizatè yo ajoute kontni ak lòt enfòmasyon nan Google Maps. Yon kont Map Maker ki gen yon nitricboy ta sanble reponsab zak sila a.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *