Gen yon Wobo Android Ki Ap Pipi Sou Logo Apple la nan Google Maps

Nou pa ka eksplike w poukisa, men gen yon moun ki konnen. Pou rezon nou pa ka eksplike, Google Maps (te) gen yon desen wobo Android la ki ap pipi sou logo Apple la. Imaj sila a twouve li tou prè vil Rawalpindi nan peyi Pakistan, e se sit web Cult of Android ki te premye jwenn li.

Ti kwen Pam News

Ta sanble se yon itilizatè ki kreye imaj la avèk opsyon Map Maker a, ki pèmèt itilizatè yo kontribye  konesans lokal yo nan Google Maps. Tou swit aprè ensidan sa a Google fè eskiz li pou imaj inapwopriye sa a yon itilizatè kreye. Google fè konnen tou y’ap travay pou retire li byen rapid.

Kisa w panse de imaj sa a? Kite yon kòmantè. 😉

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *