Venezyela anonse l’ap kite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)

WASHINGTON, DC — Venezuela anonse jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) aprè òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l’ lanse pwosesis retrè a k’ap dire 2 zan.

Madan Rodriguez di:
Retrè nou nan òganizasyon sa a se pa yon bagay sikonstansyèl; sa gen rapò ak diyite pèp nou an, sa gen rapò ak doktrin bolivaryen nou an ki ankouraje nou adopte yon politik ki pa pèmèt nou foure bouch nou nan zafè lòt peyi, ni l’ pa pèmèt lòt peyi antre nan zafè pa nou.”

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *