Tag Archives: Jamesly Pierre

Rezilta Otopsi lanmò Ansyen Chèf Deta, René Préval, ap sòti byento

Direkte Enstiti Mediko-legal responsab pratik Otopsi, Armel Demorcy, retounen sou Sijè lanmò sibit ansyen Prezidan René Préval. Direktè a anonse ke Rezilta Otopsi yo kapab disponib Avan fen Mwa sa a, yon premye egzamen kò a te reyalize jou Madi 7 Mas la avan antèman an, pa yon demand Madanm dèfen an, otorize pa ansyen Komisè Gouvènman an, Jean Danton Leger. …

Read More »

End sèmante pou l’ tire revanj poutèt Sòlda lame Pakistan ta touye 2 Sòlda li sou fwontyè a

Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo. Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo t’ap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna …

Read More »

Venezyela anonse l’ap kite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)

WASHINGTON, DC — Venezuela anonse jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) aprè òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l’ lanse pwosesis retrè a …

Read More »

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, fè konnen Etazini kapab itilize obsyon Militè pou kontrekare menas Nikleyè Kore-dinò a

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, lanse yon avètisman miskle bay Kore-dinò lendi 17 avril 2017 la kote li di Prezidan Donald Trump gen entansyon itilize fòs militè sizoka sa ta nesesè pou kontrekare menas nikleyè gouvènman Kim Jong Un nan ki kontinye ap ogmante. Mesye Pence mansyone atak ayeryen sou Siri ak sou Afganistan kòm egzanp pou kore avètisman Lèzetazini …

Read More »

Konsèy Sekirite l'ONU vote pou apiye fen Misyon MINUSTAH – pozisyon Lèzetazini

Nan katye jeneral Òganizasyon Nasyonzini an nan New York, manm Konsèy Sekirite a vote pou adopte Rezolisyon 2350 la ki mande yon fen nan Misyon Nasyonzini pou estabilizsayon Ayiti (MINUSTAH). Nan okazyon an, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Anbasadè Nikki Haley, mete devan delege yo yon mesaj kote li raple kèk moman ki te make prezans misyon an …

Read More »