Tag Archives: Haiti

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, fè konnen Etazini kapab itilize obsyon Militè pou kontrekare menas Nikleyè Kore-dinò a

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, lanse yon avètisman miskle bay Kore-dinò lendi 17 avril 2017 la kote li di Prezidan Donald Trump gen entansyon itilize fòs militè sizoka sa ta nesesè pou kontrekare menas nikleyè gouvènman Kim Jong Un nan ki kontinye ap ogmante. Mesye Pence mansyone atak ayeryen sou Siri ak sou Afganistan kòm egzanp pou kore avètisman Lèzetazini …

Read More »

Lame Amerikèn Lage yon Bonm pisan ki pa Nikleyè sou Enstalasyon gwoup Eta Islamik lan, nan Afganistan

Nan yon deklarasyon Pentagòn Depatman Defans Etazini an fè sòti, fè konnen lame amerikèn nan lage jedi 13 avril 2107 la yon bonm GBU-43 sou yon enstalasyon Gwoup Eta Islamik la, genyen yon nan tinèl ki nan distri an chin nan pwovens Nangarhar toupre fwontyè Afganistan pataje ak Pakistan. Bonm sa a ki rele “Massive Ordnance Air Blast” (MOAB) genyen …

Read More »

Konsèy Sekirite l'ONU vote pou apiye fen Misyon MINUSTAH – pozisyon Lèzetazini

Nan katye jeneral Òganizasyon Nasyonzini an nan New York, manm Konsèy Sekirite a vote pou adopte Rezolisyon 2350 la ki mande yon fen nan Misyon Nasyonzini pou estabilizsayon Ayiti (MINUSTAH). Nan okazyon an, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Anbasadè Nikki Haley, mete devan delege yo yon mesaj kote li raple kèk moman ki te make prezans misyon an …

Read More »

Prezidan Donald Trump bay pèmisyon pou fè yon tiyo pou transpòte petwòl sòti kanada pou ale Ozetazini

Administrasyon Prezidan Donald Trump la bay yon pèmi federal pou pwojè manman tiyo petwòl Keystone XL k’ap sòti nan vil Alberta nan Kanada pou rive nan Nebraska, Ozetazini. Pwojè sa a se yon pwojè ansyen Prezidan Barack Obama te rejte demann li, sa gen anviwon 2 lane. Vandredi 24 Mas 2017 la, Depatman Deta Ameriken anonse li akòde yon pèmi pou …

Read More »

Yon gwoup palmantè Ozetazini mande Administrasyon Trump lan Soutni Biwo pou Ayiti ki nan Depatman Deta a

Nan moman Lamezon Blanch ap anvizaje posiblite pou fè rediksyon nan bidjè Depatman Deta a, yon gwoup palmantè demokrat ak repibliken lanse apèl pou yo mande administrasyon Trump lan pou l’ pa elimine biwo endepandan pou Ayiti ki nan Depatman Deta a e ki la pou pote asistans bay peyi karayib la. Palmantè yo lanse apèl la, nan yon Lèt …

Read More »