Yè Lendi Premye Me 2017 la Nu-Look te andirèk plas Bwaye, ta sanble Arly te santi Piblik ki anfas li a trè konekte ak li, li te pwofite al fè yon tès desann nan foul la pou l’ kontinye mete animasyon, se nan menm moman endividi nan foul la te pwofite pran mont, bous, telefòn
Read More »News
Ta sanble Fantom bay manti sou koze 50 000 dola pou featuring ak Team Lòbèy la
Semèn pase nan yon entèvyou Fantom BC te fè konnen ke Mesye Team Lobèy yo te ofri l’ 50,000 Dola pou l’ te featuring ak yo, li pa t’ pran l’. Sou menm dosye sa a, Jounen Lendi Premye Me a GIO-K youn nan manb Gwoup la reyaji pou demanti Fantom ki ta fè kwè ekip li a ofri l’ …
Read More »Kore Disid refize peye pou yon sistèm defans Anti-Misil Lèzetazini ap Enstale nan Sewoul
Gouvènman Kore Disid la prese rejte yon apèl Prezidan Donald Trump lanse pou l’ mande Sewoul peye yon milya dola pou yon sistèm defans anti-misil Lèzetazini ap enstale sou teritwa Sid koreyen an (non sistèm nan se Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid, abreje anglè “THAAD”). Ministè defans sid koreyen an pibliye yon kominike nan jounen vandredi 28 avril …
Read More »Venezyela anonse l’ap kite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)
WASHINGTON, DC — Venezuela anonse jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) aprè òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l’ lanse pwosesis retrè a …
Read More »Plis pase 140 Moun mouri nan yon Atak Taliban yo fè sou yon Baz Militè nan Afganistan
Yon Lèse-frape ki dire anviwon 10 èdtan nan yon baz militè nan vil Mazar-e-Sharif nan Nò peyi Afganistan aprè rebèl Taliban yo te atake baz la, vandredi 21 avril 2017 la, lakòz 140 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blese daprè otorite ak rebèl nan Afganistan. Otorite lokal yo nan Mazar-e-Sharif konfime kantite moun ki mouri yo ki se ajan …
Read More »Ayiti-Sendomeng: Yon sware gala nan Kominote Ayisyèn nan Santo-Domingo pou make jounen Nasyonal Dyaspora a
Jedi 20 avril 2017 la se te jounen Nasyonal Selebrasyon Ayisyen k’ap viv nan Dyaspora a. Nan okazyon an, responsab òganizasyon ki pote non Fondasyon Zile, Edwin Paraison Ansanm ak reprezantan ofisyèl nan gouvènman ayisyen an òganize yon sware gala nan Santo Domingo, Repiblik Dominkèn pou remèt pri bay plizyè moun ki konn pote kontribisyon yo bay kominote ayisyèn nan. Daprè Mesye …
Read More »Prezidan Jovenel Moïse lanse pwojè rekonstriksyon Palè Nasyonal Tranblemandtè 12 Janvye 2010 la te kraze
Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse, fè konnen rekonstriksyon palè prezidansyèl la pral fèt san pa gen chanjman nan achitekti deyò batiman an. Sepandan, pou sa ki konsène anndan palè a, yo pral konstri li yon fason pou l’ reponn ak bezwen sèvis prezidansyèl la jan sa ta dwe ye.
Read More »Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, fè konnen Etazini kapab itilize obsyon Militè pou kontrekare menas Nikleyè Kore-dinò a
Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, lanse yon avètisman miskle bay Kore-dinò lendi 17 avril 2017 la kote li di Prezidan Donald Trump gen entansyon itilize fòs militè sizoka sa ta nesesè pou kontrekare menas nikleyè gouvènman Kim Jong Un nan ki kontinye ap ogmante. Mesye Pence mansyone atak ayeryen sou Siri ak sou Afganistan kòm egzanp pou kore avètisman Lèzetazini …
Read More »B.J.M Baz Jovenel Moïse, nan zòn Metwopolitèn nan ap revandike patisipasyon yo nan gouvènman an
Militan Pati Ayisyen Tèt Kale yo nan Pòtoprens anonse yon Manifestation pou jedi 20 avril 2017 k’ap vini an pou denonse gouvènman Jack Guy Lafontant an, daprè yo, ki pa antre reprezantan yo nan jesyon leta a. Lesly Charles, kowòdonatè Nasyonal Baz Jovenel Moïse te pale ak laprès.
Read More »Lame Amerikèn Lage yon Bonm pisan ki pa Nikleyè sou Enstalasyon gwoup Eta Islamik lan, nan Afganistan
Nan yon deklarasyon Pentagòn Depatman Defans Etazini an fè sòti, fè konnen lame amerikèn nan lage jedi 13 avril 2107 la yon bonm GBU-43 sou yon enstalasyon Gwoup Eta Islamik la, genyen yon nan tinèl ki nan distri an chin nan pwovens Nangarhar toupre fwontyè Afganistan pataje ak Pakistan. Bonm sa a ki rele “Massive Ordnance Air Blast” (MOAB) genyen …
Read More »