OZETAZINI — Plizyè milye moun desann nan Washington DC samdi 21 janvye 2017 la pou apiye mach medam yo fè kont politik administasyon Prezidan Donald Trump lan. Manifestasyon sa a ki te òganize sou tèm, “ Dwa Fanm fè pati Dwazimen” te dewoule nan plizyè lòt vil Ozetazini ak kèk lòt peyi nan mond la. Mach sa a — ki te rasanble moun ki te sòti Toupatou — dewoule yon jou aprè Prezidan Donald Trump te prete sèman kòm nouvo chèf deta Lèzetazini.
