Patizan Jovenel Moïse nan vil gonayiv fè Diskou Prezidan Jocelerme Privert a pase nan bri

Nan okazyon fèt 213 lane endepandans peyi d ayiti Nan vil gonayiv, 3 Patizan kandida ala Prezidans Jovenel Moïse, ki sòti zòn Raboto ak yon tablo ki gen Foto Kandida Pati Ayisyen Tèt Kale a (PHTK) t’ap mache kouwonnen plas Dam lan kote seremoni 213 lane endepandans lan te dewoule jounen Dimanch 1e Janvye 2017 la.
Patizan yo t’ap chante ” Rezilta eleksyon yo bezwen bayo bannann nan”
Nan lè 11 zè aprè lamès Otorite yo te kite katredal la pou yo te vin sou plas la nan lye abityèl kote Prezidan yo toujou bay diskou yo.
Pou te kòmanse se ak ochan Peyi a answit pou te kontinye yo te kòmanse tande Majistra Gonayiv la Neil Latorture ki te bay yon bèl diskou e pou l’ te fini li te prezante Gouvènman Privert Enex la kèk bezwen gonayiv, answit yo te fè plas ak Prezidan Pwovizwa a Jocelerme Privert pou l’ te bay diskou l’ se là 3 endividi patizan nèg Bannann nan ogmante ki te vin Majorite asistan seremoni 213èm anivèsè endepandans lan, te kontinye chante e anpeche lòt moun tande diskou Prezidan an, nan atansyon nou te mete nou te tande Prezidan di Rezilta yo ap bay 3 janvye k’ap vini an e li gen pou l’ kite pouvwa a 7 Fevriye 2017 an fen li t’ap preche linyon antre nou pou yon lòt Ayiti

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *