Prensipal pwokirè federal peyi Almay la fè konnen jounen vandredi 23 desanm ki sot pase a anketè yo t’ap chache detèmine si eleman ke yo sispèk ki te lanse atak mòtèl sou yon mache Nwèl nan Bèlen, ann Almay lendi 19 desanm pase a a ki te gen èd yon rezo sipòtè.
Sispèk la ki gen 24 lane Anis Amri, tonbe anba bal lapolis jou ki te 23 Desanm 2016 la nan yon estasyon tren nan vil Milan ann Itali pandan yon patwouy woutin.
Gwoup Eta Islamik la revandike responsablite pou atak la ki te fèt, dapre li, sou enspirasyon li gras ak apèl ke l’ lanse pou mande moun frape manm yon kowalisyon k’ap konbat gwoup militan an nan Siri ak Irak.