Si w konn itilize BBM, ou konnen PIN (Personal Identification Number) se yon nimewo pèsonèl BBM ba ou lè w aktive kont pou idantifye w sou rezo a. Moun ka itilize li pou ajoute w nan lis zanmi yo. Nan dènye vèsyon BBM nan, ni pou Android, iOS, BlackBerry ak lòt mak telefòn, BBM ofri opsyon pou w ka gen yon PIN pèsonalize. Sa vle di ou pa oblije gen yon PIN menm jan tout lòt moun genyen li. Ou ka gen yon PIN ki gen non w ladan l. Egzanp Si m rele Jean, m ka gen yon PIN konsa: pinjean. W’ap remake mwen itilize lèt sèlman nan PIN sa a men ou ka itilize chif tou. Fòk PIN nan gen 6 a 8 karaktè ladan l e li pa dwe gen karaktè espesyal tankou ? : ‘ elatriye.
Pou w gen yon PIN pèsonalize, fòk ou enskri nan yon plan. Plan PIN pèsonalize BBM ofri a koute 1.63 dola US pa mwa. Nou pral montre w kijan pou w enskri, men li enpòtan pou remake m’ap bay eksplikasyon pou moun ki genyen BBM enstale an n anglè, men se menm etap yo pou lòt lang yo:
- Ouvri BBM ou
- Tape bouton Meni an
- Ale sou Shop
- Nan fenèt ki parèt la, nan pati Subscriptions nan, klike Custom PIN
- Tape bouton vèt Subscribe la
- Klike plan pa mwa a: Monthly: $1.63
- Swiv lòt enstriksyon yo pou ka achte sèvis la
Si w deside achte nouvo opsyon sa a, fè nou konnen. Ajoute nou sou BBM ou. PIN:514A5DC4