Prezidan Obama Kreye Kont Twitter Pèsonèl Li e Li Bat Yon Rekò

Prezidan Obama sou Twitter pou tout bon.

Kont la verifye, ki vle di Twitter tcheke pou asire li se pa yon fo kont. Paske gen anpil fo. Daprè premye twit Obama a ak yon mesaj mezon blanch la, se sèl li menm ki ap twit sou kont la; kont Obama gen deja a, @BarackObama, se manm staf prezidan an ki ap jere li. Twit Obama sou ansyen kont sa a konn siyen avèk inisyal li.

“Alo Twitter! Se Barack. Wi tout bon! Aprè 6 ane, yo resi ap ban m pwòp kont pa m.” Se sa premye twit la di.

Nouvo kont @POTUS la fè plis pase 280 000 swivè/followers nan premye èdtan li.

Antouka mezon blanch la ap vannen entènèt la. Nouvo kont @POTUS la bat yon nouvo rekò sou sit web Guinness World Record la yèswa a paske li fè yon milyon swivè byen rapid, aprè 5 èdtan sèlman li kreye. Rekò sa a depase dènye a ki te fèt ane pase lè aktè ki jwe Iron Man nan Robert Downey Jr. te fè yon milyon swivè aprè 23 zè 22 minit.

Nouvo rekò Obama sa a se sèlman dènye a nan medya sosyal. Kont @BarackObama a gen plis swivè pase tout lòt kont politisyen yo. An menm tan, twit prezidan an aprè re-eleksyon li a an 2012 toujou rete nan tòp 3 ritwit sou rezo Twitter.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *