Legliz Pwotestan Ini an Frans adopte jodi dimanch la posibilite pou beni koup omoseksyèl, aprè yon vòt lajman pozitif. Pami 100 delege EPUdF ki te reyini nan Sèt, 94 vote pou posiblite ofri yon benediksyon relijye ak koup omoseksyèl yo, te gen 3 ki kont.
Vòt sa a bay posiblite ak 500 pastè EPUdF yo pou beni koup omoseksyèl yo, san li pa oblije sa ki te kont yo fè sa. Maryaj se pa yon sakreman pou pwotestan yo, men koup etewoseksyèl ki ini nan meri yo kapab beni nan legliz. An Frans, sèl misyon popilè evanjelik, yon legliz ki pi piti pase EPUdF, otorize yon jès litijik akèy ak priyè pou omoseksyèl yo.
Desizyon sa a vini 2 ane aprè adopsyon lwa Taubira sou maryaj omoseksyèl. Delege legliz prensipal pwotestan fransè yo reyini depi jedi sou tèm “Beni, temwen levanjil nan akonpayman moun ak koup”.
EPUdF, ki enkane kouran istorik pwotestantis fransè, revandike 110 000 manm aktif pami 400 000 moun ki ap fè apèl ak sèvis li. Pandan l’ap defann li kòm konkiran yon mouvman evanjelik ki ap monte an fòs, li parye dezòmè sou yon demach misyonè pou pase de yon legliz manm a yon legliz temwen.