Yon Pitit Touye Manman Li Nan Yon Diskisyon Pou Move Mwayèn Nan Inivèsite Li

Yon jèn gason 22 ane ki nan inivèsite touye manman li aprè yo fin diskite sou move mwayèn misye. Se sa otorite Alabama fè konnen yè samdi a. Tyler Ryan ki se non pitit la, rele 911 vandredi aprèmidi.

Lè lapolis rive nan kay la, yo jwenn kò manman an, Sherry Ann Blansit,  dèyè kay la.

Tyler konfese li touye manman li, ki gen 45 ane, aprè yo t’ap diskite sou mwayèn misye. Manman an mouri akòz yon twomatis. Zam ki touye li a se yon baton bezbòl.

Envestigatè yo te di yo te jwenn mak sou Tyler, yon etidyan nan inivèsite Alabama nan Birmingham, lè yo te jwenn li nan sèn nan.

Mentone, vil yo rete a, gen anviwon 500 moun ki ap viv ladan li, nan nòdès Alabama. Papa Tyler di misye te nan kay la depi plizyè semèn e yo t’ap tann mwayèn misye. Papa a te nan travay jou a.

Tyler te sèl pitit manman an ak papa a. Li chaje de asasina e li nan prizon. Otorite yo di yo poko konnen si misye gen yon avoka.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *