13 Moun Mouri nan yon lèse-frape ant Pakistan e Afganistan sou Fwontyè 2 Peyi yo

Lèse-frape sou fwontyè ant Pakistan ak Afganistan pran lavi 13 moun pou pi piti e plis pase 80 lòt blese vandredi 5 me 2017 la nan yon zòn ki an diskisyon, daprè otorite yo.

Yon pòtpawòl lame Pakistan an fè konnen batay la te pete aprè fòs Afganistan yo te tire sou yon ekip gouvènman an k’ap fè resansman tou prè bouk Chaman ki nan sidwès Pakistan sou fwontyè ak Afganistan.

Lame Pakistan an konfime tou ke 2 kan yo dakò pou yo antre nan yon sese-l-fe, e yon rankont ant responsab fwontyè nan tou lè 2 bò yo gen pou l’ fèt anvan lontan.

Check Also

End sèmante pou l’ tire revanj poutèt Sòlda lame Pakistan ta touye 2 Sòlda li sou fwontyè a

Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *