Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo.
Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo t’ap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna Ghati lendi 1 me 2017 la.
Lame Pakistan an rejte akizasyon lame End la kòmkwa Pakistanè ta demanbre kadav yo, e li kalifye yo kòm fo akizasyon
Lame End la te lanse yon akizasyon menm jan an sou Pakistan nan mwa novanm 2016 ane pase a.