Jounen 1 Me 2017 sila se Fèt Travay nan plizyè Peyi nan Mond lan, Non plizyè fèt ki kreye depi 18èm Syèk pou selebre reyalizasyon tout travayè.
Selebrasyon sa a gen gran diferans pou fason plizyè peyi pratike l’. Nan Kanada ak Etazini, Fèt Travay se yon jou ferye Mwa Septanm . Nan Peyi Ostrali yo fete l’ nan diferan Dat Pwòch Prentan ou Lotòn.
Nan kèk lòt Peyi tankou Lafrans, yo konfonn li ak Jounen Entènasyonal travayè yo, Fèt entènasyonal sa a ki gen Orijin li kòm Jounen grèv anyèl.
Nou an n Ayiti nou selebre fèt sa a chak Premye Me, nan Okazyon fèt la divès kote nan peyi a, lekòl pa fonksyone, se moman Asosyasyon ak Òganizasyon ki nan peyi a angaje yo pou plante pye bwa, se jou tou majorite radyo ap pase mizik sosyal ki preche chanjman ak lapè