Plis pase 140 Moun mouri nan yon Atak Taliban yo fè sou yon Baz Militè nan Afganistan

Yon Lèse-frape ki dire anviwon 10 èdtan nan yon baz militè nan vil Mazar-e-Sharif nan Nò peyi Afganistan aprè rebèl Taliban yo te atake baz la, vandredi 21 avril 2017 la, lakòz 140 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blese daprè otorite ak rebèl nan Afganistan.
Otorite lokal yo nan Mazar-e-Sharif konfime kantite moun ki mouri yo ki se ajan sekirite ak militè. Nan vil atak la fèt la se Mazar-e-Sharif, kapital pwovens Balkh e ki toujou pezib. Nouvèl yo fè konnen fòs Afganistan yo mete fen nan syèj la aprè yo fin touye asayan yo; kèk nan asayan yo te gen inifòm fòs sekirite yo sou yo.
Gwoup Taliban an revandike zak vyolans la, kote li fè konnen yon gwoup konbatan li ki te gen eksplozif tache sou yo te òganize desant dè lye a.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *