Daprè rezilta eleksyon 8 novanm yo, pati repibliken an genyen nan men l’ ekzekitif la ak tout lejislatif la.
Prezidan eli Ameriken an Donald Trump pral gen majorite nan tou 2 chanm yo nan Kongrè a lè l’ monte nan pòs li nan mwa janvye k ap vini an, sa ki pwal ogmante chans pou l’ mete an n aplikasyon kèk gwo pwen nan pwogram pati Repibliken an.
Repibliken yo asire 51 syèj pou pi piti, e petèt yon afè 53 nan Sena a ki gen 100 manm, e omwen yon majorite 41 syèj nan Chanm Reprezantan an ki gen 435 syèj. Demokrat yo te parèt gen konfyans ke y’ap pran majorite nan Sena a e yo te panse yo te gen chans batay ak espwa pou yo pran Chanm Reprezantan an.
Sous : Lavwadlamerik
Jamesly Pierre Ti Kwen Pam News