Frederica S. Wilson yon Depite Amerikèn Mande Kanpe Depòtasyon Imigran Ilegal Ayisyen yo

Yon deklasyon ki sòti nan biwo Depite ameriken Frederica S. Wilson ki reprezante yon sikonskripsyon Eta Florid nan Kongrè Lèzetazini sou desizyon gouvènman ameriken an pran pou l rekòmanse depòte imigran ilegal nan direksyon Ayiti.

Deklarasyon an di : “Se ak dekourajman nou aprann Depatman Sekirite Teritoryal (The Department of Homeland Security) rekòmanse vòl-avyon pou li depòte moun ann Ayiti. Mwa pase a Minis Sekirite Teritoryal la Jeh Johnson, te pran yon desizyon saj lè l’ te kanpe vòl-avyon sa yo pou li te bay yon peyi kap fè fas ak difikilte tan ki nesesè pou l’ kòmanse leve anba devastasyon siklòn Matthew koze.

“Mwen te vizite Ayiti nan dat 29 oktòb la; e san m’ pa pè twonpe m, mwen kapab di pa gen anyen ki chanje nan peyi a 5 semèn apre pasaj yon siklòn kategori 4 ki frape yon peyi ki te deja vilnerab. Plis pase yon milyon moun ap goumen pou yo viv aprè pasaj siklòn nan, yon lòt dezas natirèl ki vin konplike yon sitiyasyon ki te deja malouk aprè tranblemanntè 2010 la.

“Moun Depatman Sekirite Teritoryal la pral depòte yo se pa kriminèl; an fèt, se moun yo ki travay di e ki pote kontribisyon yo nan ekonimi ni peyi dayiti e Lèzetazini. Sepandan, sa k’ enpòtan, se pou moun konnen Ayiti pa pare pou li jere depòte sa yo ki pral debake 2 fwa pa semèn nan peyi dayiti.

“Mwa pase a, mwen te rive fè 50 manm Kongrè a (Demokrat ak Repibliken) ekri avèk mwen yon lèt nou te voye bay Prezidan Obama pou nou ankouraje li ranvwaye depòtasyon yo epi òganize seyans depozisyon nan tribinal ki konplè e korèk pou moun ki vle mande azil, fè yo benefisye asistans avoka ak lòt kalite soulajman. Se konsa tou mwen te ankouraje gouvènman an pou l’ renouvle pou Ayiti “estati pwoteksyon tanporè a” ki pral ekspire nan mwa jiyè pwochen pou l’ gen ladan l’ tou Ayisyen ki deja Ozetazini epi elaji kad “Pwogram Reyinifikasyon Fanmi sou Kosyon an”, ki fè pwomosyon pou migrasyon san danje e legal Ozetazini.

“Mwen gen plan pou m kontinye travay ak kòlèg mwen yo nan Kongrè a e ak militan yo pou nou kontinye fè gouvènman ameriken an kenbe kesyon grav sa yo san ajanda li. Tankou Minis Johnson te di lè li te pran desizyon pou l’ kanpe vòl depòtasyon yo, Ayiti toujou bezwen senpati nou ak asistans nou.”

Ekri pa: Jamesly Pierre Ti Kwen Pam News

Jamesly Pierre Frederica S. Wilson Depite Ameriken Popularite Stars _ Jamesly Pierre

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *