Vandredi ki te 3 Mas la Herve Laplante ki se te moun ki te angaje mande èd pou okipe J-Vens pibliye yon estati sou kont facebook li pou fè konnen Kòb J-Vens lan pral jwenn Òganizasyon ak Responsab lekòl ki andeyò yo. J-Vens nou konnen ki lopital depi mwa Septanm k’ap soufri aprè li te fin fè aksidan.
Fanmi atis la ki prèske pa kapab ankò opwent vi ekonomik, pou fè atis la jwenn swen li ta dwe jwenn, ki toujou rele mande èd te vin jwenn soutyen Laplanta Jounalis anketè, animatè Laplanta Show , pou te ede yo gaye nouvèl la atravè nèt ak Radyo. ta sanble gen yon derespektan ki fèt ant Paran yo ak Laplanta ak lòt pale anpil k’ap fèt atravè Rezosyal yo, animatè a deside bay Direktè lekòl andeyò yo ak Òganizasyon lajan an, tandiske J-Vens pa Mouri li toujou lopital ap soufri.
Estati Herve Laplante lan di : Aprè anpil mesaj nou resevwa, kòb pèp la te bay pou J-VENS lan, se òganizasyon k’ap ede timoun oubyen moun ki malad k’ap jwenn kòb sa a. Nenpòt òganizasyon legal nou konnen Ayiti, ban m’ kontak yo pou m’ fè yo kado $2,995,95 US. Fè m’ jwenn kèk lekòl ki andeyò tou, lajan sa a ap itil yo anpilllllllll.
Kòb sa a pa pral nan men okenn raketè ki t’ap eseye bwase sou do atis la.
Si yon moun panse ou ka bay #Laplanta presyon, ou fou. Fè m’ wè nou la.
Konfime==>>Herve Laplante Post Facebook