Premye band anons Batman V. Superman nan sòti

Pou moun ki vrèman pa ka tann band anons Batman v. Superman: Dawn of Justice ( Batman kont Superman: Kòmansman Jistis) la, ki te dwe sòti lendi nan teyat IMAX yo, enben konnen band anons la sòti yon ti tan aprè youn ki pa t gen bon kalite imaj te sòti an kachèt sou entènèt.

Ti bout band anons sa montre baz konfli ant 2 nan pi gwo sipè ewo mond la janm genyen. Pouvwa san fen Superman ta sanble fè anpil moun pa vle wè li, yo pa fè li konfyans. Epi Batman li menm toujou ap jwe wòl pwotektè piblik li a pandan li ap make pwen sou Superman ki sòti nan planèt Krypton.

Tout sa se kòmansman yon gwo konfli ant 2 nèg sa yo, sitou Batman kounye a ki gen yon nouvo inifòm an metal epi ki ap menase Superman konsa:”Di m byen, èske w ka senyen? Paske ou pral senyen.”

Antouka nou menm nan Ti Kwen Pam News pa ka tann fim sa a ki gen pou sòti 23 mas 2016 nan peyi Bèljik. 😀

Batman V. Superman

 

Nou ta renmen konnen sa w panse de fim sa a epi konfli ant 2 sipè ewo sa yo, Batman ak Superman, nan kòmantè yo. 😉

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *