Anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti anile viza kandida pou pòs prezidan anba banyè Platfòm pitit desalin Moïse Jean Charles, selon ansyen senatè nò a se san rezon anbasad ameriken an pran desizyon sa a. Viza kèk lòt pèsonalite politik ayisyèn pral anile nan jou k’ap vini la yo.
Read More »Monthly Archives: December 2016
Konsila Ameriken anile Viza Moïse Jean Charles.
Anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti anile viza kandida pou pòs prezidan anba banyè Platfòm pitit desalin Moïse Jean Charles, selon ansyen senatè nò a se san rezon anbasad ameriken an pran desizyon sa a. Viza kèk lòt pèsonalite politik ayisyèn pral anile nan jou k’ap vini la yo.
Read More »Jij Elektoral yo Òdone yon verifikasyon kèk nan Pwosè Vèbal eleksyon Novanm 2016 yo
AYITI ELEKSYON: Tribinal Kontansye Elektoral Nasyonal la (BCEN) pase lòd pou verifikasyon fèt nan 12 % pwosè vèbal ki nan sant tabilasyon an. Operasyon verifikasyon an kòmanse nan aprè midi jounen madi 20 desanm 2016 la.

Read More »Anbasadè Larisi a nan Peyi Tirki Mouri nan yon Atak
Nouvèl yo rapòte, Anbasadè ris la nan Ankara Andrei Karlov pèdi lavi l’ nan yon atak nèg ak zam fè sou li nan kapital peyi Tirki a jounen lendi 19 desanm 2016 la. Yo te kouri lopital ak viktim nan, men li pa t’ rive sove. Pòtpawòl ministè afè etranjè ris la Maria Zakharova Konfime nouvèl lanmò anbasadè Karlov. Daprè pòtpawòl …
Read More »Geoffrey Oryema, yon chantè Ouganda tounen nan peyi l' aprè 40 lane ekzil
Geoffrey Oryema te kouri kite peyi l’ aprè yo te fin asasine papa l’, lè sa a atis la te gen 23 lane. Chantè a te trè koni an frans aprè l’ te fin sòti yon albòm ki te titre ” Ye Ye Ye ” Vandredi 16 Desanm lan li ateri sou sòl peyi Ouganda, aprè kèk èdtan li te …
Read More »OkyJems ak Marie Elisabeth Desir ini yo pou Lavi
Vandredi 16 desanm 2016 ki sot pase a OkyJems marye ak yon bèl fi ki rele Marie Elisabeth Desir, seremoni an te dewoule Petyonvil nan legliz St Pierre. Epizòd damou sa a gen plizyè mwa depi ke Atis la t’ap fè nou viv li sou rezo sosyal yo, san li pa t’ bay okenn detay sou sa. ekip TPNews lan swete …
Read More »Anbasad Ayiti nan Ottawa Konfime Kanada kanpe sou plan li te genyen pou depòte Imigran Ayisyen ilegal
Chèf misyon diplomatik peyi dayiti a nan Ottawa, Anbasadè Frantz Liautaud, Konfime nouvèl ki fè kwè Kanada pran desizyon pou l’ kanpe sou plan li te genyen pou l’ depote sitwayen ayisyen k’ap viv ilegalman nan peyi a. Diplomat la, ki reponn kesyon Lyonel Desmarattes sou dosye sa a di: “Relasyon ant Ayiti ak Kanada twouve yo nan yon eta …
Read More »Dekouvri Dan Ruff yon jèn atis ayisyen ki sòti Kafou fèy
Dan ruff se yon rapè, jounalis ayisyen k’ap goumen pou mouvman rap kreyòl la, li, fèt nan lane 1987 kafou fèy Manmanl’ ak papa l’ ba li non elysee jean enock depi jou nesans li, pou sa li veki ak style li, li bay tèt li Dan Ruff kòm non atis li li kòmanse konpoze mizik depi nan laj …
Read More »Jeff Louis foutbolè ayisyen an kondane pou 2 mwa prizon nan peyi Lafrans
Jeff Louis Foutbolè Ayisyen an kowonpi devan tribinal koreksyonèl Caen Madi 13 Desanm 2016 la paske l’ t’ap kondwi san pèmi, li kondane pou 2 Mwa Prizon e anplis li gen pou l’ peye 15 000 Ewo kom amann. yo jije foutbolè a selon pwosedi konparisyon imedyat (Pwosedi Jistis Rapid) pa tribinal de Caen nan peyi Lafrans Ekri Pa: @JameslyPierre7 …
Read More »