Komisè Gouvènman pòtoprens lan M. Jean Danton Léger Revoke e Transfere pa Minis Camille Édouard Junior

MassiMadi se yon festival ki fèt sou yon fòm pwomosyon pou Omoseksyèl. Yo fè konnen se yon festival ki kont tout fòm diskriminasyon men se pa janm vre, pou sa y’ap batay la se libète Omoseksyèl. Gen lòt peyi kote yo pann omoseksyèl, gen kote an n Ayiti tou yo bat yo, boule yo. Enben pou moun ki òganize Massimadi lè yo lapide yon omoseksyèl yo konsidere sa kòm yon krim. Se sa yo pran kòm yon pon pou janbe dlo pou yo antre Ayiti pou yo vin fè festival Massimadi pou legalize maryaj fanm ak fanm, gason ak gason.
 
Festival sa a t’ap vin fèt nan peyi a jou ki t’ap 27, 28 ak 30 Septanm 2016  men li pa t’ rive reyalize akòz kèk lidè Ayisyen di non e anpil mesaj deja fè pase atravè rezo sosyal yo kont sa.
 
Komisè Danton Léger kanpe an granmoun pou l’ anpeche Festival Massimadi a fèt nan peyi a. Se pou desizyon sa a Mèt Danton Léger pran an ki fè minis Jistis la chwazi transfere mèt la nan vil Jakmèl. Sou desizyon mesye Camille Edouard Junior a mèt Léger reyaji li di li p’ap demisyone e li p’ap al travay Jakmèl.
 
Avoka pakè pòtoprens yo trè egzijan sou demand demisyon Minis Jistis la rapidman ki vle transfere li aprè enplikasyon li nan konba kont festival omoseksyèl la (MassiMadi).
 
Charlot Jeudy, ki se prezidan responsab MassiMadi an n Ayiti, di li pa anile men pito repòte.  Jiska prezan yo poko bay dat la.
 
RONALD Lareche Prezidan Sena a ki kont sa li di Ayiti poko prè e p’ap janm prè pou yon bagay konsa e li garanti ke gen rezolisyon ki pral ekri kont legalizasyon omoseksyalite.
 
Prezidan sena a di tou se pou peyi ki pran desizyon sa a pote bon jan èd ki pou retire Ayiti nan sa l’ ye la a olye pou se yon bagay konsa.
 
N’ap fè w’ konnen ke se Ozetazini, Lafrans, Almay ak Kanada ki pran desizyon pou fè Festival sila.
 
Ekri pa : Jamesly Pierre
Popularité Stars
 
Pou Ti Kwen Pam News

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *