Steevie Dogg Retounen nan Rap ak Yon Nouvo Tit "Nou La Pi Rèd"

Steevie Dogg se yon jèn rapè Ayisyen anpil moun konnen. Paske misye fè pati atis yon moso nan peyi a te plis konn tande alepòk bif Barikad ak RockFam nan te cho.

Nan ane  2008, 2009, 2010 mizik Steevie Dogg te woule anpil prèske nan tout emisyon rap kreyòl ak lòt kalite tou. Atis la te reyalize 2 bèl mizik ki te 2 bèl Hit rap kreyòl te ka rekonèt (Fanm Kreyòl ak Mwen Renmen W’ feat. Black Fanfan).

Nou panse atis la ap konsidere sa kòm souvni paske mizik sa yo t’ap bay Pwoblèm nan tout peyi a.

Aprè plizyè ane silans Steevie nan Game nan li pa jere fanatik li yo, pa menm sou yon pwojè feat, li ta sanble ap tounen paske li anonse yon nouvo mizik k’ap vini  e tit li se ”Nou La Pi Rèd feat. Magic Touch.”

“Nou la Pi Rèd”  yon tit ki pou fè fanatik li yo konnen e tout moun ki konn tande mizik retou li ak fòs e li pral travay san kanpe. Atis la pale li di “Much love a tout fanatik ki pa t’ janm lage m’ pandan plizyè ane absans mwen, m’ap di nou mwen renmen nou anpil m’ap travay di pou m’ ka satisfè nou jan l’ te abitye ye nan tan pase m’ap mande pou n’ pran yon ti pasyans tou piti m’ap rive sou nou. Mèsi!”

Ekri Pa : Jamesly Pierre

Pou Ti Kwen Pam News

Check Also

Shabba ft D-Perfect__Me no cry for you

Télécharger Me no cry for you__Shabba ft D-Perfect

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *