Atis tele reyalite a, Kim Kardashian ak rapè Kanye West ap tann 2zyèm timoun yo. Nouvèl la gaye nan yon videyo ki ap pale de nouvo epizòd “Keeping Up With The Kardashians” yo ki rele The E! reality show.
“Mwen fèk jwenn rezilta tès san an, e mwen ansent”. Se sa Kim, ki gen 34 an, di sè li a Khloe, ki reponn avèk yon kri de jwa.
Kim ak Kanye West, ki gen 37 an, deja gen yon pitit fi, ki rele North, ki pral gen 2 zan jou ki ap 15 jen an. Ann raple w koup sila a te marye an n itali ane pase.
Kim fè konnen tou malgre li pa t soufri maladi maten pandan li te ansent la, tout kò li t’ap fè li mal. Li pa t ezite tou pou li fè konnen kòman li menm ak mari li bezwen yon lòt timoun.
“N’ap eseye. N’ap eseye chak jou. Ou pa ka eseye pi rèd pase jan nou ap eseye a”. Se sa li te fè E! News konnen. Li ajoute tou: “Li vrèman fatigan”.
Kim fè konnen tou Kanye West di eseye fè 2zyèm timoun nan pa t twò amizan tankou eseye pou premye a. Ann swete Kim yon bon dewoulman gwosès pou 2zyèm timoun nan. 😉