Tag Archives: Tkpnews

Donald Trump efase Omoseksyèl Ozetazini

Depi lè Prezidan Trump te kandida li  te opoze maryaj menm sèks, li ak Vis Prezidan Pence te pran fò sikonstans dwa anti-masisi nan tout karyè politik li. Nouvo administrasyon an mete ajou ofisyèl sou sit wèb Mezon Blanch lan pou efase koze maryaj menm sèks sa a ki pa t’ nan ajanda yo, kominote LGBT an se yon pati remakab ke administrasyon …

Read More »

Prezidan Jocelerme Privert, bay garanti sou bon Òganizasyon 2èm tou eleksyon lejislatif ak lokal yo

Prezidan Privert deklare, “Eleksyon 29 janvye yo pral dewoule menm jan ak sa 20 novanm pase yo. Mesye Privert fè deklarasyon sa a lendi 23 janvye 2017 la nan moman li t’ap patisipe nan reyinyon sou sekirite eleksyon sa yo ak otorite Polis Nasyonal la PNH ak polisye Misyon Nasyonzini yo, Minustah.

Read More »

UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers) bay detay sou dosye Jovenel Moïse la

Direktè Jeneral UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers), Sonel Jean-François, bay yon konferans pou laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, kote li mete devan jounalis yo nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a, Jovenel Moïse, nan yon rapò UCREF ki soupsone pwochen chèf deta a nan aktivite blanchiman lajan. Misye Jean-François fè konnen pa gen erè …

Read More »

Kolonbi-Politik : Pwochen repriz negosyasyon yo ant gouvènman an ak Gwoup Guerilla ELN

WASHINGTON, DC — Nouvèl ki sòti nan peyi Kolonbi fè konnen gouvènman an pral reprann negosyasyon ki te bloke ant otorite yo ak manm yon lòt mouvman guerilla nan dat 8 fevriye 2017 la aprè gwoup la te aksepte libere yon militan politik li te pran an n otaj. Se 2èm pi gwo gwoup rebèl nan peyi a e non li …

Read More »

Kiba pral kòmanse ekspòtasyon Chabon nan direksyon peyi Etazini

Chabon se pral premye pwodui peyi Kiba pral ekspòte legalman Ozetazini aprè 2 peyi yo te sot pase 50 lane san yo pa t’ janm gen okenn relasyon diplomatik e komèsyal. Nan yon antant istorik jedi 6 janvye 2017, konpayi ekspòtasyon leta kiben CubaExport anonse li pwal vann konpayi ameriken Coabana Trading yon chabon atizanal ki rele Marabou nan pri: …

Read More »

RNDDH Kritike pwosesis verifikasyon Pwosè Vèbal yo nan Sant Tabilasyon an

Marie Yolene Gilles reprezantan RNDDH  (Rezo Nasyonal K’ap defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti), di: li pa dakò ak fason teknisyen nan sant tabilasyon an ap kontrole pwosè vèbal yo nan kad kontestasyon eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la. Marie Yolene Gilles ki reprezante RNDDH kòm obsèvatè nan Sant Tabilasyon an (CTV) di li kite Sant lan paske teknisyen yo pa …

Read More »