International

Etazini gen anpil chans pou kolabore ak Larisi si kondisyon yo reyini

WASHINGTON, DC — Sekretè Deta Etazini an, Rex Tillerson, fè konnen Washington ka kolabore ak Moskou nan sèten sikonstans. “Pandan n’ap chache ki jan nou ka antann nou, nou atann ke Larisi onore angajman li nan kad akò Minsk yo e travay pou redui vyolans la nan ikrèn,” se konsa Mesye Tillerson pale nan vil Bonn an n Almay, kote …

Read More »

Militan yo k'ap pwoteste kont desizyon administrasyon Trump lan mande Imigran yo pa al Travay jounen Jedi 16 Fevriye 2017 la

WASHINGTON, DC — Ozetazini, divès gwoup k’ap defann dwa imigran lanse yon modòd kote yo mande imigran k’ap viv toupatou sou tèritwa ameriken an rete lakay yo, pa ale nan travay pandan tout jounen jedi 16 fevriye 2017 la, kòm yon mesaj y’ap voye bay administrasyon Trump lan pou montre li pwa imigran yo nan ekonomi amerikèn nan. Mouvman sa a …

Read More »

Beyoncé ansent Jimo, pou mari li Jay Z

Chantez vedèt Beyoncé kreye yon sipriz jounen mèkredi ki sot pase a pou anonse ke li ansent, anplis fanmiy li fòme ak rapè  Jay Z a, pral gen 2 nouvo manb. Li chwazi Instagram pou transmèt gwo nouvèl la konsa: «Nous souhaitons partager notre amour et notre bonheur. Nous sommes bénis deux fois. Nous sommes incroyablement reconnaissants du fait que …

Read More »

Québec: 6 Mizilman mouri nan yon atanta Teworis

2 agresè frape Kebèk yèswa, lakòz 6 mò 19 moun blese 5 nan yo nan eta kritik, pami yon senkantèn fidèl reyini pou  yon sware de priyè . 2 sispèk yo idantifye jounen Lendi a nan maten  youn rele Alexandre Bissonnette e lòt la rele Mohamed Belkhadir youn nan yo se prezime tyeri, e lòt la konsidere kòm temwen Sous direk: Ma …

Read More »

Ansyen Prezidan Ameriken an Barack Obama denonse tout diskriminasyon sou kwayans ou relijyon

Aprè 10 jou kote Barack Obama te remèt pouvwa a bay Prezidan Donald Trump, jounen Lendi 30 Janvye a li sòti nan silans li pa vwa yon pòt-pawòl, pou ankouraje ameriken yo manifeste pou defann Demokrasi san li pa mansyone Donald Trump, ki siksede l’ 20 Janvye ki sot pase a. Pòt-pawòl ansyen Prezidan an , Kevin Lewis deklare nan yon …

Read More »

Manifestasyon nan plizyè Ayopò atravè Peyi Etazini kont Dekrè Prezidan Donald Trump pran ki anpeche sitwayen 7 Peyi ki gen anpil Mizilman antre Ozetazini

Ameriken nan New York,Newark, New Jersey ,Fairfax, Vijini Nan kèk lòt eta tankou Denvè, Chikago, Dallas, Seattle, Portland, Oregon, Los Angeles, San Francisco ak San Diego. leve manifeste kont desizyon Prezidan Donald Trump lan pou anpeche moun k’ap sòti an n Irak, Iran, Libi, Somali, Sudan, Siri and Yemen antre Ozetazini. Direktè Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly deklare nan dimanch 29 janvye 2017 la …

Read More »

Prezidan Meksiken Enrique Peña Nieto, anile yon rankont ak Prezidan Ameriken an, Donald Trump

WASHINGTON, DC — Prezidan peyi Meksik la, Enrique Peña Nieto, deside anile yon rankont li ta pral fè ak Prezidan ameriken an, Donald Trump. Desizyon sa a vin ranfòse tansyon k’ap ogmante ant gouvènman 2 peyi yo poutèt Misye Trump egzije Meksik peye pou konstriksyon yon miray li vle bati sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik. AP (ajans nouvèl Associated Press) …

Read More »

Prezidan Donald Trump pare pou siyen yon dekrè sou konstriksyon yon Miray ant Etazini ak Meksik, ak Imigrasyon ilegal

WASHINGTON, DC —Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou l’ pase lòd pou otorite yo konstwi yon miray toutolon fwontyè Lèzetazini ak Meksik la pou bloke antre imigran ilegal sou tèritwa ameriken an, limit admisyon refijye nan peyi a epi fè fas kare ak otorite vil amarikèn k’ap pwoteje imigran ilegal yo. Nouvo prezidan an gen plan pou l’ siyen …

Read More »

Donald Trump efase Omoseksyèl Ozetazini

Depi lè Prezidan Trump te kandida li  te opoze maryaj menm sèks, li ak Vis Prezidan Pence te pran fò sikonstans dwa anti-masisi nan tout karyè politik li. Nouvo administrasyon an mete ajou ofisyèl sou sit wèb Mezon Blanch lan pou efase koze maryaj menm sèks sa a ki pa t’ nan ajanda yo, kominote LGBT an se yon pati remakab ke administrasyon …

Read More »

Plizyè Santèn milye moun patisipe nan Manifestasyon anfavè dwa Fanm yo nan Washington DC ak plizyè lòt Vil

OZETAZINI — Plizyè milye moun desann nan Washington DC samdi 21 janvye 2017 la pou apiye mach medam yo fè kont politik administasyon Prezidan Donald Trump lan. Manifestasyon sa a ki te òganize sou tèm, “ Dwa Fanm fè pati Dwazimen” te dewoule nan plizyè lòt vil Ozetazini ak kèk lòt peyi nan mond la. Mach sa a — ki te …

Read More »