UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers) bay detay sou dosye Jovenel Moïse la

Direktè Jeneral UCREF (Unité Centrale de Renseignements Financiers), Sonel Jean-François, bay yon konferans pou laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, kote li mete devan jounalis yo nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a, Jovenel Moïse, nan yon rapò UCREF ki soupsone pwochen chèf deta a nan aktivite blanchiman lajan. Misye Jean-François fè konnen pa gen erè nan dosye a; enstitisyon an sèvi ak done finansye li gen a la dispozisyon li.

Dr. Rudy Herivaux pòtpawòl Pati Ayisyen Tèt Kale a, (PHTK), , ki deja reyaji nan laprès sou dosye a, fè konnen ankèt sa a se yon tantativ entimidasyon; objektif li se bloke byen bonè Prezidan Eli a. Li ajoute: “Yo pa t’ ka bloke Jovenel Moïse nan eleksyon; kounye a y’ap sèvi ak aparèy jidisyè a pou yo kreye nuizans pou li. kou sa a pap pase.”

Yon lòt kote, yon kabinè denstriksyon nan Pòtoprens, sou demand Komisè Gouvènman kapital la, Danton Léger, ap mennen ankèt sou rapò UCREF la ki ta enplike Prezidan Eli a. Selon rapò sa a, pwochen chèf deta a, avan li te ranpòte eleksyon prezidansyèl la, t’ap jere fon lajan ki pa ta gen okenn rapò ak antrepriz li t’ap dirije yo. Chèf Pakè a di l’ap tann kounye a rapò jij enstriksyon an.

Check Also

Daprè Minis John Kelly kapab gen yon pwochen pwolonjman TPS la pou Imigran Ayisyen yo

Pandan li t’ap vizite Ayiti, mèkredi 31 me 2017 la Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *