Microsoft pa t pran tan pou sipòte mont entèlijan Android Wear Google yo ane pase, e li prè pou li rekòmanse pou Apple Watch la. Yon nouvo mizajou pou sèvis stokaj nyaj (cloud storage service) Microsoft la ofri sipò pou premye Apple Watch la a travè diferan aplikasyon ak sèvis Microsoft yo pou iOS. OneDrive pou Apple Watch ap sèlman afiche foto nan mont entèlijan an, ki ap pèmèt mèt mont sa yo gade albòm, efase foto, epi jwenn foto ki gen idantifyan (tag). Tout sa nan mont la ki nan ponyèt moun ki posede li a.
Gade foto nan yon ekran 1.5 pous oubyen 1.7 pous ka pa pi bon eksperyans ki genyen, men li ankourajan kanmèm pou wè Microsoft ap sipòte platfòm rival li yo.
Jeyan lojisyèl la, Microsoft, sipòte Android Wear yo ak aplikasyon OneNote, e ak yon klavye eksperimantal ki pèmèt ou desine lèt nan mont la. Microsoft te toujou ap devlope aplikasyon ak sèvis san rete pou iOS ak Android nan kad yon nouvo objektif sipò mobil ak nyaj pou plizyè platfòm. Apwòch sa a te vin fè tou Aplikasyon Microsoft devlope pou iOS ak Android yo gen plis opsyon pase menm pwogram sa yo sou Windows Mobile. Microsoft Office, youn nan pi gwo egzanp yo, pou kounye a pi siperyè sou lòt platfòm yo, men Microsoft ap planifye pou mete a jou vèsyon pou telefòn ki gen Windows Mobile yo avèk anpil amelyorasyon pou lè Windows 10 la ap disponib pou vakans la. Yon apèsi Microsoft Office pou telefòn ki ap gen Windows 10 yo ap kòmanse nan fen mwa sa a.