Big Sean ak Ariana Grande Kite Jodi a

Li ofisyèl jodi 20 avril 2015 la, rapè Big Sean kite ak Chantèz e Aktris Ariana Grande.

Ta sanble Big Sean te vrèman fache jan Justin Bieber t’ap sere mennaj li Ariana Grande nan bra li nan yon konsè yo t’ap fè. Nou pa vrèman ka di si se pou sa yo kite a. Malgre aprè sa, Big Sean te mete tout bagay nan lòd pandan li te fè konnen yo tou lè 3 pa gen okenn pwoblèm.

Bòn nouvèl la se ke Big Sean ak Ariana rete bon zanmi aprè yo fin kite daprè sa yo fè konnen. Sa montre yo gen anpil matirite pou jere relasyon yo konsa malgre yo fin separe a. Sitou yo te vle sa rete prive nan moman kritik sa yo.

Big Sean te deja viv yon separasyon konsa deja avèk aktris Naya Rivera, kidonk sa pa vrèman etonan pou li.

Di sa w panse de separasyon Big Sean ak Ariana Grande a nan kòmantè yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *