Magazin Vanity Fair lage premye foto ansyen olenpyen an, Bruce Jenner, kòm yon fanm.
Nan yon seyans foto kouvèti esklizif pou edisyon mwa jiyè Vanity Fair a ki gen yon apèsi ki parèt jodi lendi a, ansyen olenpyen an Bruce Jenner entwodwi tèt li kòm Caitlyn Jenner.
Nan yon entèvyou avèk otè Friday Night Lights la, Buzz Bissinger, sou chwa li pou tranzisyone kòm fanm, Jenner fè konnen: “Si m ta kouche sou kabann lanmò e m te kenbe sekrè sa a e m pa t janm fè anyen pou sa, M t’ap kouche la pou m di, ‘Ou gache tout lavi w’.”
“Bruce te toujou gen yon manti pou li bay,” se sa Jenner te di pandan sèn videyo Vanity Fair t’ap fè a. “Li te toujou ap viv manti sa a. Chak jou, li te toujou gen yon sekrè, sòti nan maten rive aswè. Caitlyn li menm pa gen okenn sekrè. Osito kouvèti Vanity Fair a sòti, m’ap lib.”